Entènasyonal Ayisyen Wilde Donald Guerrier vle vin Prezidan Federasyon Foutbòl ayisyèn nan

1,445

12-22-2022

Ayiti ____(TRiboLAND) Entènasyonal ayisyen Wilde Donald Guerrier pran angajman pou rasanble fanmiy Foutbòl la, pou leve defi yon nouvo depa. Yon tchalendj ki lanse bò kote anpil ayisyen pou wè Ayiti alinye nan Koupdimond 2026 lan.

Aprè Fernando Estimé ki bay tèt li volontè pou travay pou Ayiti al nan koupdimond kap vini, fwa sa se entènasyonal ayisyen Wilde Donald Guerrier ki vle meteli an disponiblite pou Ayiti e pou Foutbòl la repran jarèt atravè peyi..

Mwen vle pou Foutbòl Ayisyen an chanje, e wè Ayiti nan Mondyal ankò. Mwen ap goumen pou-m vin Prezidan federasyon Foutbòl Ayisyen an, ak goumen pou Foutbòl la chanje. Se sa jwè 33 lane a, aktyèl jwè ekip Olympiakos Nicosie a, nan peyi Chypre ekri sou paj Facebook li.

Li te deja fè yon videyo pou te sansiblize nèg ak zam, ak tout moun kap fè vyolans pou sispann fè vyolans, ki se youn nan rezon ki ka fè Chanpyona Nasyonal la ki kanpe depi yon bon tan relanse. Pou Ayiti rive nan Koupdimond, li dwe konte sou pitit lakay tankou sa kap viv nan lòt peyi.

Wilde Donald Guerrier fini tèks li a, ak yon kesyon pou mande tout Ayisyen : èske yap kanpe avè-l, pou-l change foutbòl la nan peyi Dayiti?

Comments are closed.