Aktivite premye me 2022 yo nan komin Senlwidinò te wololoy

198
0
Share:
TRiboLAND

05/02/2022

Senlwidinò_____(TRiboLAND) Yon seri aktivite reyalize nan komin nan Senlwidinò pou komemore jounen premye me 2022 a. Salon Dèjè, se yon òganizasyon ki pran nesans nan mwa dawou ane pase aprè yon seminè fòmasyon Inisyativ Developmam (ID) te reyalize nan blòk Wo Nòdwès la.

Nan sousi pou make egzistans yo nan komin nan, yo te lanse premye Edisyon Fwa sou plas Senlwi Wàdfrans lan sou  tèm “Jenès Reveye”. Nan sans sa, yon latriye aktivite te make yon parèy jounen tankou: dans voudou, Rara lakay, twoubadou, kontredans, jwèt tire baton, jwèt ak ze, jwèt ak sak, poyezi, pyès teyat popilè, dans fòlklò ayisyen e latriye

Akote sa, anpil prezantasyon pwodwi lokal ou pwodwi òganik tap vale teren. Pwodwi tankou : mousa, tchaka mayi, boukousou, dekale labapen, chou palmis, wonm kreyòl, ak tout kalite viv alimantè ke plantè yo pwodwi, se te wololoy.

Yon parèy aktivite te jwenn jarèt finansman, selil refleksyon Kri) ak Inisyativ Devlopman (ID) kap travay pou ede jèn yo soti nan flewo banditis la pou yon lòt van lespwà soufle nan komin Senlwidinò.

Colly Pierrilien

Share:

Leave a reply