Kodonatris depatmantal Mouvman Fanm yo nan Grandans, Roselord Aubourt mande gouvènman an plas garanti bonjan sekirite avan avan pale sou eleksyon

172
0
Share:
TRiboLAND

09- 18 – 2026

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Kòdonatris depatmantal Mouvman Fanm nan Grandans, Roselord Aubourt plede anfavè bonjan sekirite avan menm pou gouvènman an ak tout Konsèy Elektoral Pwovizwa pale ak pèp ayisyen sou kesyon eleksyon.

Madam Aubourt pwan kòm ekzanp, wout nasyonal nimewo 2 a, kote sitwayen e sitwayènn yo pa genyen aksè lib sikilasyon akòz bandi ki okipe tout zonn yo, sa ki rann lavi vinn pi difisil ou ensipòtab.

Pou kodonatris MOFEDGA a, otorite konsène yo pa dwe pwan presyon ki sòti bò kote kominote entènasyonal lan, jis pou fè eleksyon pikekole pou mete Ayiti nan plis kalamite tankou anpil politisyen rat dokale arive fè li jounen jodi a.

Share:

Leave a reply