Makòn bandi pran bwa kale nan depatman Grandans lan

163
2
Share:
TRiboLAND


08 – 21 – 2024

Grandans, Ayiti ____(TRiboLAND) Popilasyon an nan Grandans voye 7 prezime bandi sangwen al jwenn bawon soti nan lannwit 19 pou rive maten mèkredi 21 dawout 2024 la, pami yo Jacky alyas 5 Segonn. Popilasyon an akize Jacky nan lanmò ofisye Eta Sivil Léon Renald ke bandi te touye epi boule nan dat 7 jiyè 2021. Jacky se 3èm group ame kap ki bati katye jeneral yo nan zòn Boudon.

Popilasyon an sezi 3 zam nan kad operasyon sila e remèt yo bay fòs lòd yo. Moun nan plizyè komin nan depatman Grandans lage koukouwouj dèyè bandi lajounen tankou lannwit pou dechouke yo kèlkeswa kote yo kache.

Daprè fòs lòd yo, zòn ki gen plis bandi nan depatman se komin Ansdèno ak Chanbelen. Maryaj Lapolis ak popilasyon an kontinye ap bay rezilta, nenpòt bandi sangwen ki kite pye yo chape pou voye yo nan depatman Grandans lan, konnen se chemen ki pi kout la yo pase pou al jwenn bawon.

Plizyè notab nan kanton an egzòte moun yo, pou yo pa antre nan kònivans ak bandi yon fason pou yo pa viktim pandan triyaj la. ‎

Share:

2 comments

Leave a reply