Gwo dispozitif pran nan Gromòn: Mèri a sispann sikilasyon sou Wout Nasyonal # 5 akoz enkyetid sekirite

106
0
Share:
TRiboLAND

10/16/2026

Gromòn, Ayiti ______(TRiboLAND) Mèri Gromòn anonse, nan yon kominike ofisyèl ki pibliye jedi 15 oktòb 2026 la, sispansyon tanporè sikilasyon tout machin sou Wout Nasyonal #5, nan nivo komin nan, jiskaske gen yon lòt avi. Desizyon sa a pran nan yon kontèks enkyetid sekirite ki lye ak aktivite gwoup ame yo rele « Kokorat San Ras ». Mezi sa a konsène popilasyon an, chofè transpò piblik ak prive, komèsan, ansanm ak tout lòt moun ki abitye itilize wout sa a.

Daprè kominike a, okenn machin p ap otorize travèse Gromòn pou fè trajè Pòtoprens-Pòdpè, ni nan sans envès la, jiskaske otorite minisipal yo pibliye yon nouvo avi ofisyèl. Mèri a fè konnen desizyon sa a vize pwoteje popilasyon sivil la, prezève lavi moun epi anpeche lòt dega rive nan sikonstans sekirite ki genyen kounye a. Otorite minisipal yo mande tout moun ki konsène yo respekte mezi a, evite deplase sou pòsyon wout sa a epi rete branche sou enfòmasyon otorite konpetan yo ap difize.

Nan menm kominike a, Mèri Gromòn lanse yon apèl bay popilasyon an pou l rete kalm, vijilan epi solidè nan moman difisil sa a. Administrasyon minisipal la konte sou konpreyansyon ak kolaborasyon tout moun pou ede diminye risk yo. Yo fè konn, mezi sispansyon sikilasyon an ap rete an vigè jiskaske gen yon lòt desizyon, epi tout enfòmasyon sou posib rekòmansman sikilasyon an ap pibliye atravè kanal ofisyèl yo.

Share:

Leave a reply