Chòk sismik: Deteryorasyon ensekirite a fòse Radyo Tele Karaib mete yon bout provizwàman nan tout emisyon li yo

2,484

07-11-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou proteste kont fenomèn ensekirite ak kidnapping kap taye banda atravè peyi a, Radyo Tele Karaib deside mete yon bout pou yon ti bout tan sou tout emisyon li yo apati jodi lendi 11 jiyè 2022 a.

Se yon veritab “chòk sismik” lòske odyans enpekab medya bèl longè a te aprann atravè tryo prezantatè jounal “Première Occasion”, byen bonè maten sispansyon emisyon Radyo Tele Karaib yo. Se konsa, moun te kapab tande ak yon vwà dekouraje e akable entèvansyon animatè vedèt jounal “Première Occasion” an, Roberde Céline ki tap eksprime mekontantman li fas ak yon seri sitiyasyon “detrès”, “kè sere”, “agonizan” ak “mare ren” divès fanmiy ayisyèn ap etale chak jou sou radyo.

Antouka, se dènye kou ki pou te touye kou kou a! Pozisyon RTVC pou sispan emisyon li yo nan yon kontèks ensekirite jeneralize ak efondreman leta, se yon prèv de yon SOLIDARITE TITANIK ki ta dwe entèpele responsablite chak lòt antite ou chak sitwàyen pou yo leve kanpe pou eksprime mekontantman yo fas ak gouvènman gang lan ki gen sosis li marye ak yon seri kolon diplomat kriminèl anndan peyi a ki detèmine pou disparèt Ayiti.

Nap raple, emisyon RTVC kanpe pou yon ti bout tan, nan sousi pou touche konsyans swadizan dirijan kap simen dèy nan tèt peyi a. Bravo RTC pou yon parèy pozisyon ki mande anpil kouraj nan yon parèy konjonkti ki reyèlman yon kochma nan egzistans pèp ayisyen an!

Comments are closed.