Mascary Leveque pran kòmand biwo Edikasyon Sidès la ak yon diskou ki bay espwa pou refòm edikasyon an

03/26/2026
Sidès, Ayiti ______(TRiboLAND) Jodi Jedi 26 mas 2026 la make yon nouvo chapit pou sistèm edikatif la nan depatman Sidès la, ak enstalasyon ofisyèl Mascary Leveque kòm nouvo Direktè Depatmantal Edikasyon sou lobedyans Ecclésiaste Télémaque ki se Direktè Kabinè Ministè a. Nan diskou li, li mete aksan sou enpòtans inite, disiplin ak angajman kolektif pou rebati konfyans nan lekòl piblik yo. Li deklare misyon li se amelyore kalite ansèyman an, ranfòse kapasite pwofesè yo, epi asire tout timoun gen aksè ak yon edikasyon ki diyn.
Nouvo direktè a rekonèt defi ki egziste nan sektè a, tankou mank resous, enfrastrikti ki pa adapte, ak pwoblèm jesyon administratif. Sepandan, li fè konnen li pare pou travay kole kole ak tout aktè yo, kit se pwofesè, direktè lekòl, paran ak otorite lokal yo, pou jwenn solisyon dirab. Li pwomèt pou mete transparans ak bon jan jesyon nan kè aksyon li yo pandan manda li.
Nan fen diskou li a, Mascary Leveque lanse yon apèl bay tout moun nan kominote edikatif la pou yo mete tèt ansanm pou chanje reyalite a. Li ensiste sou nesesite pou mete timoun yo nan sant tout desizyon, pandan li ankouraje jèn yo pran edikasyon yo oserye. Enstalasyon li a bay anpil moun espwa ke gen yon nouvo dinamik k ap kòmanse nan edikasyon Sidès la.






