Lachenn: Yon tanker gas eksploze touye 19 e blese 172

366

Zhejiang___(TRiboLAND) 19 moun mouri e 172 lòt blese apwè ke yon tanker gaz eksploze sou yon otowout nan peyi Lachenn Samdi apwè midi, dapwè ajans nouvèl Xinhua.

Tanker gaz la ki tap transpòte yon gaz naturèl eksploze nan ranp egzitwa Wenling, yon vil nan pwovens Zhejiang, dapwè ajans Xinhua.

Jodi dimanch lan, Zhu Minglian ki se majistra vil Wenling lan, konfime ke gwo tanker gas la tap travèse ant Ningbo ak Wenzhou. Yon envèstigasyon deja sou pye pou detèmine koz eksplozyon an, selon Zhu.

Anpil moun toujou anba dekonb yo e efò pote sekou yo ap miltipliye, dapwè ofisyèl lokal yo. Imaj aeryèl yo montre plizyè building kolaps nan ekzitwa otowout la ki nan wès Wenling.

Otorite yo oblije delwaye sou plas plis pase 34 machenn ponpye ak 138 sekourist, selon Xinhua. Yon lòt 62 machenn ponpye ak 316 sekouris te soti nan lòt rejyion pou bay kout men nan katastwòf sa.

Comments are closed.