8 gwo mafya tou pwisan italyen arete nan Repiblik Dominikènn

338

Santiago____(TRiboLAND) Nan yon pwemye tan yo te sanble ak biznis envèstè ou etranje ki vle enstale yo nan Repiblik Dominikènn pou viv retrèt yo.

Gen nan yo ki gen fanmiy, pitit e marye, sepandan, tout aparans sa yo te demaske lè Interpol dekouvwi ke yo se 8 gwo manm tou pwisan kò mafya italyen.

Mafya fijitif sa yo ki genyen gwo chaj penal ki tonbe sou tèt yo nan peyi Itali tankou trafik dwòg, fwod, blanchiman lajan, ak anpil lòt krim; men yo arive sove pou ale viv Sen Domeng, anplis ap Mennen yo gran vi, e kontinye ap fè “biznis yo anba anba.”

Dapwè envestigasyon yo, yo entwodwi mega sòm lajan ki gen orijinn ilegal e ap blanchi li nan aktivite komèsyàl anndan peyi repiblik dominikènn.

Pami detni yo ou jwenn Salvatore Vittorio, 55 lane. Selon yon dokiman jidisyè ke Vittorio tante soumèt pou eseye relache tèt li apwè arestasyon l nan peyi a, se lè sa yo ta pral dekouvwi ke li genyen yon rezidans nan Santiago, kote ke li te jwenn arestasyon l nan moman li tap kite lakay li pou mennen 2 pitit li lekòl.

Comments are closed.