Pòdpè Edikasyon: Reyisit total kapital jounen fòmasyon enstalasyon Pano Solè TRiboLAND lan

1,261

Plis pase 110 patisipan, reyini nan legliz batis penyèl nan vil Pòdpè, pou resevwa fòmasyon enstalasyon sou sistèm Pano Solè.

02-04-23

Pòdpè, Ayiti_(TRiboLAND) Jan sa te anonse pou jounen samdi 04 fevriye 2023 a, pils pase 110 moun deja resevwa premyè trach fòmasyon sou enstalasyon Pano Solèy TRiboLAND lan, nan vil Pòdpè.

Ing. otman kalifye, Hugues Saliner Batail ki sòti Pòtoprens, te deja prezan byen bonè maten an, pou vin pataje konesans siyantifik ak teknik li ak diferan patisipan ki te sòti nan diferan rejyon nan komin Pòdpè a ak kèk lòt seksyon kominal.

Seri fòmasyon gratis sa yo, pou yon pakèt pitit tè Dayiti, ap kontinye fè chimen yo, swa demen dimanch kap vini la, nan komin Senlwidinò.



Comments are closed.