Bilan moun ki mouri nan nofraj Latòti a ap ogmante ak kè sere, aloske SEMANAH pa menm genyen manifès vwayaj la

275

Senlwidinò____(TRiboLAND) Yon latriye moun pèdi lavi yo nan yon batiman ki tap kandale kite Senlwidinò pou kase bòde sou direksyon Ofigye,  Zile Latòti fè nofraj jodi mèkredi 19 out 2020, daprè otorite lokal yo.

Anpil chif pa sispan tonbe sou kantite moun ki mouri ak pòte dispari. Nan yon premye tan enfòmasyon yo te fè eta 5-6 moun; aprè chif yo moute a 13 moun ke yo ari jwen ki mouri tèt nèg. Bilan an ta sanble pi katastrofik ke sa moun ta panse.

Hyacinthe ki yon jounalis profesyonèl kap kontrole retrouvay yo deklare ke li difisil pou arive denobre dabò kantite pasajè ki te nan batiman an ak sa ki mouri ou pòte dispari. Hyacinte konfime bay Radyo Marconi nan metropòl Nòdwès la, ke kaptèn nan se inik moun ki ta sove alòske madanm li arive mouri pami yon katafal moun ke “Leta pèdi fren an” pa menm genyen manifès pou yo.

Anatandan malerezman chif yo ap grenpe anba je yon SEMANAH ki reprezante yon “zewo” nan Nòdwès, dlo pa sispan koule nan je moun Latòti, espesyàlman nan Ofigye ki pèdi yon bon vale moun. Se prèske ke chak kote ou pase, se prèske chak fanmiy ki an agoni!

Nap raple ou, sa pa gen lontan yon bon kantite moun arive pèdi vi yo nan menm kondisyon sa; kote ke pifò nan pasajè yo te soti nan zòn Maye, Zile Latòti. Se dram sou dram!

Comments are closed.