Pòtopwens : Yon avyon militè kanadyen ap fè legetè ak vòl pawezaj nan espas aeryen peyi Dayiti

1,050

C130 Aurora, yon avyon militè kanadyen kap fè anpil vire tounen nan pòtoprens, jounen samdi 04 fevriye 2023 a.

02-04-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Yon avyon militè kanadyen imatrikile Hercule C130 e trè sofistike remake nan syèl peyi Dayiti, Pòtopwens maten samdi 04 fevriye 2023 a. Selon enfo ke anbasadè Kanada, Sébastien Carrière lache mete deyò, li ta konfime ke prezans avyon an antre nan demach ki kontinye ap bay PNH la jarèt.

Prezans avyon militè kap fè va e vyen ak aktivite vòl pawezaj ak legetè yo nan espas aeryen peyi Dayiti, se yon lòt etap peyi Kanada ta sanble vle franchi nan kad yon repons sou kriz kap bwase bil peyi Dayiti a, ki chita sou 4 pilye tankou : dyalòg politik, sanksyon, èd ak assistans sekirite.

Anbasadè Carrière kontinye pou di ke yo pap fè okenn lòt kòmantè sou misyon yo ki ap kontinye nan tèt kole epi kole zepòl ak peyi Dayiti.

Comments are closed.