Pa manyen baryè a, Kite l la !

1,450

Mwen sonje an avril 2013 lè m t ap lanse emisyon esè Radio Trans Inter yo nan Petyonvil ak Louko Desir,  animatè Konpa lejandè sa gen yon bagay li te toujou di  ak gwo gòj li a sou antèn radyo a pou  kenbe oditè nou yo branche   :  

    Pa Vire Bouton Radyo a, Kite l La ! 

Jodi a m ap di tout patriyòt Wanament yo :

     Pa Louvri Baryè a, Kite l La ! 

Dominiken kòmanse konprann ke Ayiti se yon fòs li ye tout jan pou ekonomi yo a. Sof si ou sanwont  ak engra tèlman jiskaske ou vin enbesil, yon moun pa mòde men ki ap ba w manje.  M twouve nonm sa ki rele Abinader la frekan e rasis anpil.  Nan sans sa, menm si nasyonalis li a gen fòs kote,  nou dwe remesye ansyen minis Afè Etranje Claude Joseph ki te toujou ap alète nou sou longè rasis ak awogans towo sa ki rele Abinader la ki lòt bò fwontyè a. Poutan nonm lan se desandan imigran arab.

Nan kout kat la nou dwe rekonesan anvè Abinader. Rezon an se dèske aksyon rasis mouche sa vin ede anpil Ayisyen je klere plis konprann se nou menm Ayisyen ki pou konstwi peyi nou e ke nou menm ki gen plis limyè lakonesans ki pou oryante pèp la nan fason l ap viv ak sa l ap manje. Apre zak vagabonday Abinader yo, nou oblije panse relasyon Ayiti ak Sendomeng yon lòt jan. Sa ap mande pou yon nouvo jenerasyon fanm ak òm politik ayisyen pwogresis, eklere, patriyòt ak nasyonalis pran direksyon peyi a pou mete Ayiti sou ray devlopman ekonomik ak pwogrè imen.

Rasis ak awogans Sendomeng anvè Ayiti merite yon repons ki ap make listwa. Yon repons ki ap fè yo konprann grenn lan ak po a k pi pike. Yon gwo defi ki konsène chak Ayisyen ki gen san istorik ayisyen nan venn yo.

Annatandan, an nou fè yo manje nan Dajabon jiskaske yo gonfle tout danre agrikòl yo konn abitye devèse nan Wanament yo.  Moise Jean Charles pote konkou w bay patriyòt Nòdès yo. Pèp brav ak ewoyik nan tout Gran Nò a, patriyòt Wanament yo bezwen angajman nou sou teren an.  Polis Nasyonal : mete kèk fòs espesyal nan zòn fwontyè a pou sizouka Abinader ta pouse awogans rasis li a  jouk andedan Wanament pou fòse louvri baryè a.  Lame ke Ayiti di li genyen an, al mete yon barak Wanament. Lapatri bezwen sèvis nou nan Nòdès peyi a.

Wanament : Pa Louvri Baryè a, Kite l La !

 *DALY Valet* 

25 novanm 2022

( Kredi foto : Jimmy design.)

Comments are closed.