BLTS ak tout DCPJ fouye Otèl Breeze Marina latèt o pye: plizyè annafè ta aba kòd

525
0
Share:
TRiboLAND

02/25/2026

Pòdpe, Ayiti____(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan anpil enfo ap sikile sou yon latriye bagay kap bwase nan pi gro otèl depatman Nòdwès la, Breeze Marina, ki localize li nan vil Pòdpe. Bèl anviwonnman, se yon estrikti touristic ki attire anpil kliyan. Konsa, jan sa fèt nan yon seri otèl nan kapital la, espas la loje yon latriye otorite nan leta a. Anpil nan yo se la yo bwase, fè vèminn e menm kraze lajan leta a key o pat regle anyen pou li a.

Anpil choutoufe ta lese kwè genyen zam ke yon seri responsab nan leta a tamenm sere nan otèl sila egalman. Antouka, se aprè midi madi 24 fevriye 2026 la, yon operasyon tranble jarèt arive fèt nan otèl Breeze Marina. Info yo fè konnen, se yon kou sezi anpil pami kèk sispèk yo pat atann. BLTS, DCPJ elatriye, debake an chango e fouye latèt opye plizyè chanm ki te loje plizyè annafè ki fè ladesann nan otèl BM.

Selon yon sous polisye, genyen plizyè arestasyon ki arive fèt; pami yo se you nan latriye pitit mèt otèl la ki mouri, sa prèske genyen 2 lane. Sepandan, kèk lòt sous ta endike ke fouy la genyen anpil pou wè avèk dosye zam aprè lanmò sibit delege depatmantal la. Antouka, dosye a ap rapouswiv!

Share:

Leave a reply