Florid Arestasyon: Lapolis nan North Miami prosede ak arestasyon yon ayisyen fo avoka.

Level François, se non yon ayisyen 62 lane, lapolis nan Miami fouke pou tèt li ta fè tèt li pase kòm avoka.
02-04-2023
Miami, Etazini____(TRiboLAND) Lapolis nan Miami, Eta Florid arive poze lapat sou François Level, yon ayisyen ki pran kostim avoka mete sou dol pandan 15 lane.
Sitwayen François, yon swadizan avoka te chwazi branch imigrasyon, dwa sivil ak penal, pou te blofe moun.
Plizyè sitwayen deja pase anba men raketè 62 lane a, ki li menm ap pare pou al reponn kesyon lajistis pou egzèsis pwofesyon san lisans ak vòl.






