Operasyon polisyè nan Okay : yon gwo chèf gang sangwen anba kòd e yon lòt leve kouri ak tout twou bàl nan kòl

1,718

11/30/2021

Okay______(TRiboLAND) Vil Okay pa sispan ap pran lanm anba chèf gang ki toujou fè aterisaj fòse nan kouri pran refij nan depatman  penensul sid la chak fwà ke lapolis ap flite yo nan kapital la.

Antouka, lapolis nan vil Okay pa sispan pase vitès superyè pou lage koukouwouj dèyè bandi sangwen kap kreye lòt fwàye gang nan divès katye nan vil Antoine Simon an.

Konsa, yon operasyon kontre kònn ki fèt maten jodi madi 30 novanm 2021 an, chèf lòd yo avèk konplisite kòmisè gouvènman Okay la, Ronald Richemond; alatèt gwoup sangwen ki pote non”102 Mafya” a, Domingue jwen arestasyon li nan pwòp baz li, alòske ajandre numewo 2 baz la pran plizyè bàl, sepandan li arive chape anba men fòs lòd yo, dapwè komisè Richemond ki ta sable genyen nan men li sekrè pou jere nenpòt gang kap taye banda nan vil Okay.

Paralèlman, PNH pa sispan voye nan dènye jou sa yo, sinyàl klè ki montre gwoup sangwen yo ke vye manman pare pou zepina e zepina pare pou vye manman.

Comments are closed.