Twazyèm chèf group gang ame “Gran Grif” an tonbe nan boukantaj kout zam ak lapolis

1,349

08-15-2022

Ti Rivyè Latibonit, Ayiti____(TRiboLAND) “Goliath” ki se twazyèm chèf gang “Gran Grif” ki tap simen laterè nan Savyen, Vale Latibonit lan tonbe anba bal lapolis, nan lokalite “Lukas”, Ti Rivyè Latibonit, daprè enfòmasyon Près Kòdinasyon ak Relasyon Piblik PNH la.

Enfòmasyon yo kontinye pou di ke “Goliath” ki te toujou ap enpoze lwa li sou abitan yo, arive blese mòtèlman nan boukantaj kout zam ak lapolis nan moman yon group bandi ame te atake yon patrouy UDMO, dimanch 14 dawou 2022 a.

Lapolis reyitere detèminasyon li pou li kontinye aktivite flite bandi yo, yon fason pou retire yo sou chemen popilasyon an.

Comments are closed.