Pòdpè: pweparasyon Kanaval Nasyonal la ap vanse

233
Renard Jean Rivière, Vis-Delege

0128/21

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li akòde TRiboLAND, jounen mèkredi 27 janvye 2021 an,Vis-Delege Awondisman Pòdpè a, Msye Renard Jean Rivière, deklare pa gen wout pabwa; nan pwen kanpe nan wout! Li te vle fè referans ak detèminasyon responsab yo pou yo di Adelante ak manifestasyon kiltirèl atravè Kanaval Nasyonal la nan depatman Nòdwès la, pwensipalman nan vil Pòdpè.


Selon Renard Jean Rivière, pweparasyon yo ap vanse agranpa: Avni Des Trois Rivières pase sou Chandavyasyon, Ri Richard Brisson pou al bout sou wonpwen an, mesye yo ap travay lannuit tankou lajounen pou fasilite pakou kanaval la nan diferan kontre nan site Kapwà Lamò a.


Vis-Delege Jean Rivière, rapouswiv pou l di, sila yo k ap soti nan lòt depatman jewografik peyi dayiti pou vin defoule yo nan 3 jou gra sa yo (14,15,16 fevriye 2021), p’ap gen okenn pwoblèm sou wout Kafoujòf – Pòdpè a ki nètman amelyore. Savledi Kesyon pou pasajè ap pase 5/ 6 zèdtan sou twonson wout sa a, van an chanje e bagay sa fini, selon Renard Jean Rivière ki t ap depoze e ki deklare zafè kouran 24/24 prezidan Jovenel Moïse te pwomèt pèp Nòdwès la, teknisyen EDH yo ap travay sanpransouf: lajounen tankou lannwit pou pèmèt pawòl chèf Leta a tounen yon reyalite.

Vis-Delege Awondisman Pòdpè a fini pou’l di: Kanaval Nasyonal nan Pòdpè pa yon pawòl voye monte.Tout timachann, Biznismann, pwopriyetè otèl dwe mobilize nan ranfòse kapasite ak kalite sèvis yo yon fason pou yo byen akeyi an gran panpan evènman kiltirel sa a ki pral fasilite tchotcho ekonomik nan pòch yo. Jean Rivière envite opozisyon an nan Nòdwès “poze” atravè yon trèv pou fasilite bonjan dewoulman kanaval nasyonal la soti 14 pou rive 16 fevriye 2021.

Saint Jean Wiskis



Comments are closed.