Operasyon tranble janm nan Kenskòf: Lapolis rekipere 2 zam ak minisyon

02 – 01 – 2025
Kenskòf, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon operasyon tranble janm kont manm gang sangwen “Viv Ansanm” yo nan Kenskòf, lapolis fè gwo boukantaj kout zam avèk asosyasyon kriminèl yo. Konsa, fòs lòd yo arive rekipere 2 fizi otomatik AK-47, san konte minisyon, daprè sa ki soti nan bouch pòt-pawòl enstitisyon Polis Nasyonal la, Lionel Lazarre.
Li enpòtan pou’w konnen, nan jou sila yo, komin Kenskòf, patikilyèman lokalite “Bwa Majò” devni yon santyè gang, yon lòt tèritwa pèdi, malgre otorite yo te deja okouran sou tout preparative gang yo tap manniganse pou pèpetre yon masak san parèy e mete men sou komin Kenskòf.
I believe you have remarked some very interesting points, regards for the post.