Nan kad asistans pwogram bay jarèt Nasyon Tèt Kole yo, PNH la resevwa Ayiti resevwa plizyè don veyikil

1,013

10-28-2023

Nan kad pwogram bay jarèt Nasyon Tèt Kole yo pou Devlopman (PNUD) ak Ofis Nasyon Tèl Kole yo kont Trafik ak krim Dwòg (ONUDC), Polis Nasyonal Dayiti anonse ke li resevwa yon lo materyèl ou veyikil ki pou ranfòse sekirite anndan peyi a.

Selon otorite PNH yo, yon parèy jès te sòti atravè kolaborasyon Biwo Entegre Nasyon Tèt Kole yo, (BINUH) an konplisite ak sipò peyi tankou: Etazini, Kanada, Japon, Itali Almayn ak eta manm Inyon Ewopeyèn.

Aktivite seremonyèl yo te dewoule an pwezans repwezantan kominote entènasyonal la, yè vandredi 27 oktòb 2023 a, nan sousi pou te remèt ofisyèlman kle pou 250 motosiklèt ak 20 machin pickup Toyota Land Cruiser tou nèf.

Nap raple, se te Direktè PNH la, Frantz Elbé ak Wo Kòmandman PNH la, san konte minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Emmelie Prophète Milcé ki te resevwa lo materyèl sila yo.

Anpil moun swete deja genyen yon plan amenajman ki deja pran an men jesyon materyèl sila yo ki pa janm pwoteje.

Comments are closed.