Konsèy Kazék nan 5èm seksyon kominal Wanament yo denonse zak asasina ki fèt sou kòlèg Kazék, Jean Relus St-Ange

1,224

02-02-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès konsèy Kazék 5èm seksyon kominal Wanament yo bay nan tèt kole avèk prezidan asosyasyon Kazék Nòdès yo Nestant Julien jounen mèkredi premye fevriye 2023, denonse e kondane ak tout fòs yo, zak asasina ki fèt sou Kazék Jean Relus St-Ange lan e mande lajistis pèmèt yo jwenn jistis.

Prezidan asosyasyon Kazék Nòdès yo, mande lajistis rapousiv avèk ankèt pou mete tout asasen yo anba kòd epi fasilite fanmiy viktim nan jwenn jistis pou Kazék Jean Relus. Prezidan asosyasyon Kazék yo anonse vandredi kap 10 fevriye, yap òganize yon sitting devan pakè Fòlibète a, nan lide pou mande jistis pou kolèg yo.

Bò kote dezyèm manm Kazék la, li fè konnen se youn nan sekirite ki pi pwòch Kazék la ki tire l; pou li menm sekirite sa te pi pwòch Kazék la pase li menm kòm dezyèm manm.

Antèman Kazèk Jean Relus Saint-Ange ki te asasine vandredi 20 pou louvri samdi 21 janvye a, ap chante samdi 4 fevriye 2023 a nan legliz katolik Savann Long lan.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.