Nan vizite Lopital Jeneral, PM Garry Conille pase yon move moman anba atak bandi ame sangwen

458
0
Share:
TRiboLAND

07 – 29 – 2024

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) PM Garry Conille pase yon move moman anba atak bandi sansal lòske li tap vizite lokal Lopital Jeneral apremidi lendi 29 jiyè 2024 la.

Nan moman PM Conille tap vizite bwat medikal ak plizyè responsab nan kad rankontre ak pèsonèl medikal la ak plizyè lòt responsab, nèg sansal ame te ansekle etablisman an kote ke yo te fè yon lapli bal sou li. Se te yon veritab panik ak leve kouri pou sitwayen ki te nan zòn nan. Boukantaj kout zam ant group sangwen “Viv Ansanm” yo ak fòs lòd yo, kreye gro laperèz tranble janm ki ta menm mete lavi PM Conille an danje.

Konsa, aprè anpil ladrès nan yon anviwonman katchou boumbe, fòs lòd yo arive pran kontròl perimèt espas medikal la, aprè anrejistreman plizyè inosan sitwayen ki arive blese.

Share:

Leave a reply