Katchouboumbe ant gwoup gang ame nan 4èm avni Bòlòs: 2 moun mouri e 2 kay bwile

0 156

Pòtopwens____(TRiboLAND) Gwo lèse fwape cowboy ant bandi nan katye Gran Ravenn ak moun “Baz Pilat ”, lakòz 2 moun mouri anba bal e dife pran nan plizyè kay ki lokalize nan antre Sid la nan kapital ayisyen an, pi patikilyèman nan 4yèm Avni Bòlòs.

Dapwè temwen nan 3èm sikonskripsyon Pòtopwens lan, katchouboumbe ak dife yo te eklate vè 7:30 pm apre bandi chimè ame Baz Pilat” te lanse yon atak manman penmba kont malfwa parèy yo ki nan Gran Ravenn.

Antouka, sa genyen 8 jou depi ke afwontman gwoup gang ak gang pa sispann entansifye nan zònn solèy kouche kapital la, ki pou anpil moun sanble tèt koupe ak yon zònn lagè. Kèk gwo òganizasyon ki fokis sou dwa moun deja estime genyen apepwè 25 moun ki ta deja pèdi lavi yo nan gwo lèse fwape ant gwoup gang ame.

Leave A Reply