Versidieu Ductant mande tout kalite sipò pou MOTANO kap pran lanm

1,468

02-01-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Versidieu Ductant mande tout kalite sipò pou Mouvman Tèt Ansanm Nòdwès (MOTANO), yon lekòl pwofesyonèl kominotè kap bay sèvis nan komite a depi 25 lane.

MOTANO deja mete divès pwomosyon jenn fanm ak jenn gason deyò a, e ki deja ap travay pou chanje lavi yo ak yon grabday monnen. Versidieu Ductant kap envesti depi 25 lane nan enstitisyon sa kòmanse febli sou plan finansye; yon sitiyasyon ki pèmèt li pa ka reponn ak divès resous pou enstitisyon an fonksyone. Ductant mande èd sou tout liy, sa vle di menmsi yon moun pata ka bay lajan, kapab ofwi tèt li kòm resous pou ede-l fòme jèn yo.

Objektif MOTANO se pèmèt jenn fanm ak jenn gason gen yon metye pou konbat ak lavi, anplis montre jèn yo enpòtans ki genyen lè yo gen metye. Lè yon jèn gen yon pwofesyon, li se sitwayen tout mond lan. Lekòl la ki te kòmanse ak 5g pa mwa, ki pase a 100g, 200g, ki vin jodia 1000g pou tout yon ane. MOTANO fòme plis pase 20 mil moun, daprè Ductant.

Li pwofite kritike pasivite sitwayen ak otorite yo ki kite tout bagay ap degrade. Pa egzanp, moto kap antre sou moun nan mache yo, se yon gwo pwoblèm; moto kap pot sèkèy, yon moto ta fwape yon moun ki pot yon sèkèy tasipoze pini sevè e yon pwoblèm nan nivo sikilasyon ki koz sa.

Comments are closed.