Yon nouvo Direktè enstale nan tèt DDA nan Latibonit.

649

Marc- André Cadostin, se non yon nouvo Direktè depatmantal ki enstale nan tèt PNH la nan Latibonit.

02-01-2023

Latibonit, Ayiti____(TRiboLAND) Aprè gwo defèt 7 polisye yo te subi anba men gwoup gang ki pote non,”Gran Grif”, nan komin Lyankou, Marc-André Cadostin, se non nouvo Direktè depatmantal Polis Nasyonal Dayiti a, nan Latibonit. Marc-André Cadostin nome, pou ranplase Jean Bruce Myrtil, nan lide pou jwenn yon rezilta efikas kont fenomèn gang lan kap taye banda nan Latibonit.

Jean Bruce Myrtil ki ta sanble li te genyen kontrent pou pran tèt DDA nan Latibonit, te trouve li anba yon pakèt kontwovès akoz enkoyerans li fas ak yon seri enfòmasyon. aprè dram asasinay gang sangwen arive komèt sou 7 polisye.

Comments are closed.