Inivèsite UNASMOH : Plis pase 500 etidyan nan syans enfimyè ak laboratwa medikal gradye nan Louco Night Club nan Tigwav

80
0
Share:
TRiboLAND

09 – 28 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Responsab yo nan inivèsite UNASMOH, branch Tigwav reyalize yon seremoni gradyasyon pou plis pase 500 etidyan nan syans enfimyè ak laboratwa medikal. Seremoni sila ki te kouvwi priz kwaf e abi ak priz blouz, te dewoule nan Louco Nigth Club Tigwav yè dimanch aprèmidi 27 setanm 2026 lan.

Selon responsab yo, resipyandè yo brile yon etap ki enpòtan nan lavi yo, yo deklare ke yo fè anpil sakrifis, avan yo rive dekroche diplòm yo, yon fason pou ede trase chemen lavi yo. Gradye yo jwenn anpil ankourajman pou yo pwatike ansanm sa yo te aprann pandan pakou akademik yo, lè yo an fas yon pasyan.

Kidonk, responsab yo raple yo sèmante ke yo pran pou bay lavi, e yo dwe bay lavi ak moun ki nan nsesite pou genyen lavi a, pandan yo ankouraje etidyan yo pou manifeste respè pou kòd dewontolojik metye a nan tout sa y’ap fè.

Share:

Leave a reply