Anbasadè peyi Lafrans bat gro bravo pou suksè Polis Nasyonal nan yon seri gro operasyon san pran souf

2,126

08-06-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Anbasadè peyi Lafrans lan ki akredite anndan peyi Dayiti, Fabrice Mauriès bat gro bravo ak kontantman atravè yon tweet pou fason Polis Nasyonal la ap depoze nan diferan operasyon san pran souf kont group gang yo atravè peyi a, patikilyèman dènye operasyon Kwadèboukè ak Gromònn yo.

Anbasadè Mauriès voye yon gro kout chapo pou fòs polis la. Selon anpil konsta, se yon polis ki enfatigab nan dènye jou sa yo. Yo afiche yon detèminasyon nan entansifye operasyon yo jiskaske yo arive mete do yon pakèt bandi sangwen atè non sèlman nan kapital la, men egalman nan vil provens yo . Fòs lòd yo arive flite plizyè Gran Toryan gang tankou Kòlèg nan bouch pa pòt “400 Mawozo” e libere plizyè otaj pami yo yon sitwàyen fransè.

Mesye Mauriès plede pou kontinyite yon koperasyon polisyè djanm ant peyi Lafrans ak Ayiti, daprès diplomat la ki tap depoze pou Polis Nasyonal ki fè yon seri siksè enpresiv nan dènye jou sa yo.

Comments are closed.