Nòdwès Dayiti/Triboland An Aksyon : Òganizasyon seminè gratis sou prodwi endistriyèl.

3,061

07-11-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Administrasyon Triboland Média Network, deside òganize 2 jou seminè gratis ti cheri, sou fòmasyon fabrikasyon sou plis pase 19 pwodui endistriyèl nan lekòl Nasyonal nan Palan, nan vil Pòdpè nan dat kap 15-16 jiyè 2022 a.

PDG Papa Loulou, ki pa deside fòme, enfòme ak distrè moun sèlman atravè TRiboLAND, men deside tout bon vre, pou rele chalbari dèyè lamizè mete sou pye yon seri atelye travay pratik kap ede divès fanmi nan depatman Nòdwès la bay lamizè do.

Pandan ke ekip Triboland l’an ap tann popilasyon nan Palan, Nan Djerilon, Mòn Opè ak lòt zòn anviwonant yo, nan dat kap 15-16 jiyè 2022 kap vini la. Nap raple, popilasyon Nan Demelus ak Polen/Lakòn deja fè konnen yo paka tann pou yon parèy fòmasyon.

Antouka, pandan ke wap vin aprann itilizasyon divès kalite pwodui chimik, ekip Triboland l’an ap konseye w kontinye enfòme; al sèlman tape TRiboLAND.com sou Facebook, Twitter, Google, Instagram……anretou.

Comments are closed.