Moun Obè selebre fèt Sen Patron yo ki se Sen Jan Bosko jodi madi 31 janvye 2023

1,278

01-31-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Fèt Patronal Obè, selebre ak plis anplè ane 2023. Chak 31 janvye se fèt sen patron Obè ki fè pati 3èm seksyon komin Pòdpè. Yon fèt ki te konn selebre antan ke chapèl, men depi 30 janvye 2023 moun Obè gen yon Pè kap travay nan kominote a pou devlope enstitisyon an kòm pawas. Sen Jan Bosko se sen patron Legliz la. Li te mouri nan lane 1988, yon modèl ki se yon veritab patwon, atravè travay li tap fè pou te konstwi peyi-l atravè jèn yo.

Nan okazyon an, Rev. Père Ronel Vildor, te asure predikasyon yon parèy gwo sòlòkòtò ki te reyini tout kouch moun ki te sòto nan plizyè lòt komin. Nan omeli sikonstans lan, Pè Ronel Vildor di moun yo kontinye travay ak Pè Paul Stainphil kap travay pou mete chapèl nan nivo pawas. Pou pè Stainphil, li declare ke jou a pa twò lwen e se travay l’ap travay nan kominote a. Chapèl la poko rive nan faz pawas a san pou san, men jou a pa twò lwen.

Li kontinye pou di, fèt sa ane a montre jou a pa twò lwen e fèt ane a prouve sa. Otrefwa chapèl la te konn ap fete, menm yon pè yo pat konn jwenn. Jodia, 31 janvye 2023, Obè ap fete ak 15 Pè, prezans Mè Miryam yo, san konte moun ki soti nan divès kwen.

Pou te rann fèt la posib, divès aktivite relijyez tankou sosyokiltirèl te òganize. 9 jou nevèn pou te prepare fèt la, divès aktivite sosyokiltirèl ak sosyete sivil Obè a, ap gen pou fini aswè a.

Moun Obè, atravè Direktè chapèl la, Belizaire Benice, montre depi yon bon bout tan kontantman yo; pou Pè Paul Stainphil, ak detèminasyon nan travay la, boujon lespwa yo ap miltipliye

Comments are closed.