KOTDEFÈ__Premye Seksyon kominal Molsennikola, depatman Nódwès : Inogirasy0n yon Sou Komisarya Vandredi 19 Avwil 2019

Divès enstans ak pèsonalite, popilasyon an sitou bat bravo lakontantman! Komisarya sa-a ki evalwe a 2 Milyon 857 mil goud Lesco, se zèv depite sikonskriosyon Molsennikola-a, Msye Yves Dupras. Seremoni sa te dewoule Vandredi 19 Avril 20l9 lan, anprezans lapolis, popilasyon Kotdefè a, kire Pawas Seksyon an Rev Pè Nickson Eugène, Pastè, Eli lokal yo, Vodouyizan ak depite komenn nan Yves Dupras.

Kire Pawas Zòn nan Rev. Pè Nickson Eugène ki te prezan nan kad benediksyon lokal la, fè popilasyon Kotdefè a konnen prezans Sou komisarya sa-a anndan Seksyon an pa yon mal; okontré li vin pwoteje lavi tout moun nan kominote a yon mannyè pou yo sa viv nan diyite.
Pou Kowòdonatris Kazek Seksyon an Madàm Faugues Joane Nacor, bò kote pa l, pat kache satisfaksyon-l pandan lap mande sanpèditan pou direkté depatmantal polis Nódwès la Komisè divizyonè Auguste Monès alimante Sou komisarya Kotdefè a an polisye pou rive mete yon bout nan vye aksyon bandi yo ap komèt chak jou sou popilasyon KOTDEFÈ a tankou touye ansuit koupe tèt moun.

Kanta depite Moksennikola a Msye Yves Dupras, li deklare
misyon-l bout sa vle di balon an nan pye responsab polis la ki pou deplòtonnen
polisye nan sou komisarya Kotdefè,1ere Seksyon kominal Molsennikola pandan l fè
konnen se lajan ki soti nan pòch li ki evalwe a 2 milyon 857 mil goud ki rive
reyalize konstriksyon sila-a.
Toutfwa palmantè 50e lejislati a rapousib pou di si palmantè yo chita ap gade se Egzekitif la ki pou rezoud pwoblèm mas pèp sa-a , yap soti wont devan popilasyon kite vote yo a sitou yon Awondisman tankou Molsennikola ki gen ladan li 4 gwo komenn ki se Molsennikola, Janrabèl, Bonbadopolis ak Bèdeènn kote gouvènman pa konnen egzistans yo.
Wiskis Saint Jean, TRIBOLAND






