Jacmèl kriminalite-Yon madam ki genyen 60 lane, mouri rache ak kout manchèt nan komin Jakmel.

740

01-30-2023

Jakmel, Ayiti ___(TRiboLAND) Philomème Gefrard, se non yon madam ki genyen 60 lane ki mouri ak kout manchèt nan lannwit dimanch swa 29 pou louvri lendi 30 janvye 2023 a, nan 2èm seksyon lokalite Tèmye, komin Jakmèl.


Se plizyè manm nan popilasyon an ki dekouvri kadav madam Philomène Gefrard nan yon ravin.

Nap fè remake, pèson moun pa rive idantifye endividi ki komèt zak malonèt sa a, sou pèsonaj fanm Philomène. Yon dosye TRiboLAND ap swiv ak anpil atansyon.

JOICY Arnold



Comments are closed.