PNH arete Roilucson Joseph, youn pami bandi sangwen ki te fè kadejak sou yon ti fiyèt minè

2,018

09/12/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Polis nasyonal nan Akayè anonse ke li mete men nan kòlèt Roilucson Joseph alyàs “Jetly” yè jedi 9 septanm 2021 an akoz patisipasyon li nan vyòl kolektif sou yon ti fiyèt minè.

Lapolis deklare ke li detèmine pou li rapouswiv tout bandi malfwà ki te patisipe nan yon parèy krim wonte kote ke yon latriye bandi san manman fè kolònn sisinaj sou yon ti inosan nan lanwit 6 septanm pase nan lokalite Mahòt toupwè Senta nan Akayè.

Zàk krapule sa te pwodwi nan moman Gabriel Charles ak 2 pitit fi li ki genyen 14 ak 17 lane te nan machin li e yo tap soti Pòtopwens pou antre Sen Mak. Barikàd ki te sou wout la te fòse yo kanpe. Konsa, 6 nèg ame sangwen gagoule te pran tout sa yo te genyen (telefònn, laptop, malèt ak 70,000 goud Lescot).

Bandi santifò yo te konplètman ligote Gabriel alòske yo travèse ak 2 ti inosan minè yo lòt bò lari a e vyole yo.

Comments are closed.