Gwo van panik, tansyon tranble janm ak wout bloke nan divès zòn nan site a Anakawona a

970

01-30-2023

Leyogan, Ayiti ___(TRiboLAND) Aktivite yo paralize nan komin Leyogan jodi lendi 30 janvye 2023 a, wout bloke nan plizyè zòn nan site Anakawona a, akoz protestasyon polisyè.

Lekòl pa fonksyone, sektè komès la fonksyone an ralanti akòz mouvman polisye kap revandike epi reklame jistis pou konfrè yo bandi nan Petyonvil e Savyen asasinen anba bal semèn ki sot pase a. Daprè ajan ekzekitif enterimè prensipal meri Leyogan nan, Henry Erson ki konfime nouvèl la.

Sitiyasyon sa a, kap devlope nan site Anakawona a, jounen lendi a, lakoz gwo blokis ant machin kap soti nan Gran Sid peyi a ak sa kap soti nan kapiltal ayisyèn nan si nou konsidere deklarasyon aktyèl # 1 sitwayen komin Leyogan nan.

Yon lòt kote, premye sitwayen site Anakawona a, Henry Erson pa mete dlo nan bouch li pou denonse epi kondane zak kriminèl endividi kagoule san fwa ni lwa fè sou ansyen kandida pou pòs majistra komin Leyogan nan eleksyon pase yo, anba bònèt pati politik pitit Desalin, Makendy D’Haïti.

Ajan ekzekitif enterimè komin Leyogan nan mande fwa sa a, pou otorite jistis yo nan jiridiksyon an, dilijante yon ankèt serye e ki genyen nen nan machwè pou detèmine vrè koupab yo nan kad dosye asasina Makendy D’Haïti a, yon fason fanmiy an jwen jistis ak reparasyon

JOICY Arnold

Comments are closed.