Selebrasyon “Jounen entènasyonal Fanm Riral” nan kòmin Montòganize.

1,330

10-17-2022

Ganize, Ayiti __ (TRIboLAND) Sou inisyativ Platfòm Jan Nòdès ( PGNE) an kolaborasyon ak Asosiyasyon Fanm Devwe Montòganize ( AFDMO ), plizyè aktivite òganize nan kòmin Montòganize tankou yon mès te chante nan Pawas Notre Dame du Rosaire a.

Yon mach pasifik òganize atravè diferan kwen nan komin nan e ki te al bout ak yon konferans pou laprès nan Konfesmo Night Club nan lide pou selebre jounen entènasyonal Fanm Riral (Fanm andeyò ) sou tèm ” FANM RIRAL SE POTO MITAN, SE YO KI BAY NOU TOUT MANJE “. Sou pakou medam yo ou te kapab li divès revandikasyon ak slogan kite make sou pankat yo an favè fanm peyizàn yo tankou:
-Devlòpman paka fèt san fanm peyizàn
– Respèkte dwa fanm peyizan yo-Mesye yo dwe kolabore nan fè dwa medam yo rèspèkte
-Fanm peyizan se fos chanjman
-Fanm anwo pa pè travay latè
-Fanm riral yo se poto mitan.

Madam Jesula BLANC fè konnen se pou premyè fwa yo òganize aktivite nan jounen 15 oktòb la nan NòdèsLi rete kwè ke ekonomi enfòmèl la repoze sou fanm riral yo a 73 pousan; ki donk fanm madanm Sara yo travay late, yo sakle tankou gason e si yon jou yo ta deside pa pote pwodwi tankou yanm patat, manyòk sou mache-a, moun lavil yo pap manje paske mache yo ap tou fèmen pandan l mande pou Leta akonpanye fanm peyizan yo nan kreye Bank Agrikòl ak yon sistèm kredi pou yo. Konsa, patisipasyon fanm riral yo ap kapab promote yon agrikilti mekanize ou modèn.

Ala tèt PGNE a te pwofite kritike move fason premye Minis Ariel HENRY dezakòde gouvènabilite eyi a; yon parèy lidè ta dwe rann demisyon li nan tèt primati-a pou soulaje mizè pép ayisyen an epi di aba prezans militè etranje nan peyi a kap gen pou vini sou fòm okipasyon.

Jn Simon Manex

Comments are closed.