Plizyè òganizasyon vodou defile nan lari Tigwav pou selebre fèt gede nan memwa zansèt yo.

239
0
Share:
TRiboLAND

11 – 02 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Plizyè òganizasyon vodou defile nan divès lari jounen dimanch premye Novanm 2026 lan nan vil Tigwav pou selebre Fèt Gede nan memwa zansèt yo. Yon sòlòkòtò grouyad Grann Brijit ke anpil yodouyizan konsidere chak premye novanm.

Anpil sèvitè vodou a, fè konnen ke li reprezante yon pakèt bagay nan lavi yo, li se egalman kilti yo, se nan nanm yo li ye e yo eseye viv avèk li chak jou nan kotidyen yo. Kidonk, yo konkli, yon pèp ki echwe rekonnèt kilti li, se tankou yon gwoup moun ki mouri e ki pap janm resisite.

Anpil jwa ak gete gede make yon parèy selebwasyon ki te plis chita sou benyen ak piman, pale nan nen ak pil grouyad brav gede nan espas simityè pou mete kontantman nan kè lèsen ak lanmò. Anpil vodouyizan yo pa kache ekspwime kontantman yo ane sila; aloske se te nan gwo difikilte pou yo pat asèpte fete gede ane pase akoz ravaj Ouwagan Melissa nan rejyon an.

Nan sans sa a, reponsab gwoup vodouyizan yo pwofite preche lapè nan mitan sektè a, yo fè kwè se pou yon sèl bagay yo tout ap batay; se pou voye sektè vodou a moute piwo; pandan yo mande tout inisye pran plezi san vyolans pandan 2 jou aktivite Grann Brijit la.

Share:

Leave a reply