MENFP mande lekòl prive yo regilarize pèmi fonksyònman ak pèmi moun k ap dirije yo anvan 30 oktòb

29
0
Share:
TRiboLAND

09/11/2026

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), atravè Direksyon Jeneral li, lanse yon rapèl bay direktè depatmantal yo, enspektè yo, fondatè yo ak responsab lekòl prive yo sou obligasyon legal ki gen rapò ak pèmi fonksyònman ak pèmi dirijan yo. Nan yon nòt ki pote dat 9 septanm 2026, Ministè a presize tout etablisman lekòl prive dwe genyen yon pèmi fonksyònman, pandan tout direktè pedagojik dwe genyen yon pèmi dirije.

MENFP mande Direksyon Depatmantal Edikasyon yo pou sansibilize fondatè ak direktè lekòl ki poko gen dokiman sa yo pou yo antreprann demach nesesè yo pou regilarize sitiyasyon yo pi ta vandredi 30 oktòb 2026. Ministè a raple pèmi sa yo se kondisyon obligatwa pou yon lekòl kapab benefisye sipò MENFP ak/oswa patnè li yo, ansanm ak pou l patisipe nan egzamen ofisyèl Ministè a òganize.

Direksyon Jeneral MENFP la fè konnen lekòl ki te patisipe nan egzamen ofisyèl pandan ane akademik ki sot pase a san yo pa t gen pèmi ki nesesè yo dwe pran dispozisyon pou regilarize sitiyasyon yo nan pi bon delè.

Share:

Leave a reply