Sosyete sivil òganize Obè a, tanmen yon seri aktivite nan okazyon fèt patronal yo ki se Sen Jan Bosko, 31 janvye kap vini la.

1,420

01-28-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) 3èm seksyon Obè ap prepare 1e fèt patronal li depi egzistans Legliz Katolik la vin Pawas. Fèt Sen Jan Bosko, ki toujou fete chak 31 janvye kòm chapèl, ap fete ane a kòm Pawas.

Pou prepare premye fèt Pawas la, sosyete sivil la òganize plizyè aktivite tankou: kous pou fanm ak gason ki soti devan Lise André Vixama a rive Kafou Dorèt, pou tounen devan Lise a; kous bisiklèt, group mizikal Friz afiche, animasyon mizikal depi 27 pou rive madi 31 janvye kap vini la.


Anviwon 65 000 mil goud distribye bay ganyan yo nan seri konkou sosyete sivil la òganize. Sen Jan Bosko ki Pawas depi 2 me 2021, pat genyen oken Pè ki vin stab nan li. Depi anviwon kèk mwa, Pawas la genyen Reveran Pè Paul Bresner Stainphil ki vin travay nan kominote a. Pou manifeste kontantman yo, fidèl yo tankou tout moun Obè, fè yon sèl pou fete an gran panpan.

Sosyete sivil la kòmanse aktivite yo devan Lise a, yon fason pou rann omaj ak André Vixama ki mouri depi nan lane 2009; men ki toujou rete nan memwa moun Obè kòm moun onèt ki te rann kominite a anpil sèvis.

Marc Antoine Ceasaire ak Louis Dalès Dessentiel ki se 2 manm enfliyan nan sosyete sivil la, di yap toujou fè sak posib pou toujou genyen aktivite nan Obè, ki kapab kreye opòtinite pou zòn lan devlope.

Comments are closed.