Yon ti lèzanj lakòz yon gwo dife nan vil Pòdpè, dega yo bay men nan machwè!

2,520

04/17/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon ti gason inosan apeprè 9 lane mete dife nan yon kay nan Ri Dikè, vil Pòdpè, koz apremidi samdi 16 Avril 2022 an, yon kay kankannen, yon depo bisiklèt tounen sann ak plizyè lòt dega materyèl detwi.

Dife sa ki te mete katye a nan yon sitiyasyon panik ak pote sekou, pat rive tonbe anba kontròl popilasyon an ki tap miltipliye manèv fo mouvman ak ti bokit dlo. Flanm ak etensèl yo te kontinye ap trese lèl, jiskaske li arive kankannen plat atè yon depo ki te chaje ak bisiklèt ak anpil lòt bataklan tankou matla elatriye, daprè sa Patrick, lokatè depo a rapòtè bay TRiboLAND.

Selon Patrick, se yon veritab frap ekonomik! “Mwen pa konnen ki sen pou mwen rele, e kòmanse ankò a pa fasil”. Emosyon yo pa piti, alòske plizyè viktim lonje dwàt sou yon ti jovi grimo 9 lane yo ta akize ki mete dife a nan jwèt san konprann nan yon kay, nan yon katye e nan yon site “Kapwà Lamò”, kote ke popilasyon an pa menm wè ponpye menm nan dòmi.

Comments are closed.