Dosye Kanaval la kòmanse divize anpil sitwayen nan popilasyon Wanament lan

998

01-28-2023
Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Depi aprè lansman ofisyèl kanaval Wanament lan, reyaksyon yo pa sispann miltipliye, kote divès lidè nan popilasyon an kritike jwisans anbyans lan. Pou kèk kritik, vil Wanament poko pare pou kanaval.

Pou komite kanaval la, se sèlman apwobasyon Meri a yo te bezwen pou reyalize festivite madigra yo nan Wanament, pwiske yo te gentan bay tèt yo yon parèy misyon. “Tèm kanaval la se ann pote kole pou yon lòt Wanament ‘

“Nan Nivo nou panse fè kanaval la te pèmèt nou monte yon bidjè 30 milyon goud estimative, kote nou konte sou sipò Sektè Prive a sou plan nasyonal. Men nou gen yon plan B pou si toutfwa se sèlman Sektè Prive lokal la ki ta va deside akonpanye nou”, sa se deklarasyon Antwopososyològ Lesly Périsse ki se responsab kominikasyon nan komite kap òganize kanaval la nan komin Wanament lan.

Pòt pawòl komite KANAVAL la te fè deklarasyon sa yo vandredi 27 janvye 2023 pandan l tap patisipe nan Emisyon, sou Radyo Tele Idole 100.3.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.