Yon Tribinal nan Eta Tekzas fikse dat premyè odyans sou plent kont pwogram imanitè prezidan Joe Biden nan.

1,433

25 avril kap vini la, se dat ki fikse pou resevwa plent anviwon 20 Eta repibliken kont pwogram imanitè prezidan Ameriken an, Joe Biden.

01-26-2023

Wachennton, Etazini_____(TRiboLAND) Plizyè benefisyè ak diferan pwòch pwogram imanitè prezidan Ameriken an, bat bwavo lakontantman, pou konpòtman tribinal Tekzas la, lè yo deside fikse dat premyè odyans ki pral kesyone konstitisyonalite pwogram Biden nan, nan dat 25 avril 2023 kap vini la.

Nouvèl yo rive jwenn nou jounen jedi 26 janvye 2023 a, gras ak avoka imigrasyon Frandley Julien ki konnen tout lavè landwàt program nan.

Annatandan yon desizyon jidisyè, jiska prezan pwogram Biden nan ap kontinye fè wout li, byen ke, dapwè anpil ekspè nan domèn nan, gen 70% chans pouprogram imanitè Joe Biden nan pa reyisi.

Comments are closed.