Diplomasi : Misyon diplomat Kenneth Merten pran fen an Ayiti san resèt

3,490

04/11/2022

 Pòtoprens_____(TRiboLAND) Avan li ramase bataklan li, Chaje Dafè ameriken an, Kenneth Merten anonse jodi lendi 11 avril 2022 a yo pwen final nan mesyon ke li te genyen nan peyi Dayiti a.

Diplomat la deplore dèske lap kite dèyè yon peyi ki alagoni e ke dirijan yo kap tete mamèl pouvwà a pa manifeste oken “kè nan men” pou arive deplwòtonnen kriz kap bwase bil peyi Dayiti a. Kenneth Merten ki eskive tout responsabilite gouvènman ameriken nan kriz manch long peyi Dayiti a, raple ke se pa pou peyi Dayiti lap travay, men pou peyi Etazini. Konsa, li ta lèse konprann ke li pa nan pozisyon pou li ta pale anyen ki mal de peyi Eta Tèt Kole yo.

Toujou selon Merten, ayiti rate yon lòt okazyon bab e moustach pou li te attire envèstisè etranje atravè òganizasyon electoral ki te kap pèmèt peyi a pran yon lòt direktiv. Konsa, dirijan yo chwazi pa deplwòtonnen kriz miltidimansyonèl la ki lage Ayiti nan tchouboum. Li ankouraje dyalòg nan mitan diferan aktè konsène yo pou yon antant ou konpwomi pou retire Ayiti nan mizèrere sa ki trò dire.

Antouka, se yon veritab echèk pou Kenneth Merten ki te fè yon bon bout tan kòm anbasadè peyi Etazini nan peyi Dayiti. Li te retounen anndan peyi Dayiti avèk yon chapo “Chaje Dafè” nan mwà oktòb 2021 an alòske lap retounen men vid e nad marinad san arive akonpli yon misyon ki genyen yon enpak negative sou karyè diplomatik li, daprè yon latriye analis.

Merten anonse visit yon lòt diplomat ameriken anndan peyi Dayiti nan mwà jiyè prochen. Sepandan, nan jou kap vini yo, yon group teknisyen ameriken ap gen pou antre sou tèritwà Papa Desalinn nan yon fason pou bay polis nasyonal la jarèt.

Comments are closed.