Anviwon 20 Eta nan Peyi Etazini deja depoze plent kont prezidan Joe Biden nan kad pwogram imanitè a.

1,323

Pwogram imanitè prezidan Joe Biden nan, riske pwan gwo pataswèl politik anba men repibliken yo.

01-25-23

Wachennton, Etazini_(TRiboLAND) Anviwon 20 Eta nan Peyi blan meriken, deja depoze plent legal yo devan jij repibliken an, Drew Tipton, kont pwogram imanitè prezidan Joe Biden nan, ki ta pral fasilite divès imigran nan divès peyi tankou : Ayiti, Kiba, Venezyela ak Nikaragwa rantre Etazini yon mannyè legal.

Dapwè enfòmasyon ke nou genyen, Drew Tipton ki se yon jij repibliken ta gen tandans defavorab anvè imigran. Eta sa yo mekontan e estime ke Biden vyole lwà imigrasyon ke yo genyen kòm Eta. Nap raple ou, dènye gwo pataswèl demokrat yo sot resevwa, se anilasyon dekrè ki te prevwa sou ki metòd yo dwe depòte yon imigran.

Antouka, dènye enfo evoke yon posiblite pou program imanitè Joe Biden nan konnen anpil malmakak politik ki kapab anbreye sou back tout projè sila yo kap presipite pou kalifye pou antre lakay Tonton Sam.

Comments are closed.