Sitwayen Erané Saint- Louis, distribye anviwon 100 bous ak demi bous Etid nan vil Pòdpè.

1,153

12-21-2022

Anviwon 100 etidyan deja benefisye bous ak demi bous pou, reouvèti aktivite akamik yo nan nivo inivèsite, se inityativ ansyen direktè OAVCT a, Mèt Erané Saint-Louis, nan vil Pòdpè.

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Fas ak sitiyasyon ekzekrab sosyo-politik ak ekonomik peyi a, sitwayen angaje, Erané SAINT-LOUIS distribye yon santèn bous ak demi Bous Etid an patenarya ak yon inivèsite prive nan vil Pòdepè yon fason pou diferan pitit malere, ak malerèz kapab rale yon souf nan zafè edikasyon.

Sitwayen angaje Erané SAINT-LOUIS, fè konnen, l ap kontinye goumen yon mannyè pou gen yon lòt Ayiti pwospè nan lanmou, respè yonn pou lòt, nan inite.

Ansyen direktè OAVCT a, kontinye pou l di, n ap kontinye pwone elegans politik paske se meyè fason poun pran Desten peyi a an chaj. Pou li menm, se vye fason n ap fè politik ann dan peyi a ki kraze peyi a. Anpil fwa, lidè a fè konnen, nou kite ògèy, grovèn ak layèn fè nou yonn rayi lòt tandiske peyi a menm ap fin plonje e malere,malerèz ap kontinye viv nan kras.

Pou fini, Mèt Erané Saint-Louis, konseye aktè politik yo mete tèt yo ansanm paske pita ap pi tris, ann priyorize tèt ansanm konsa nou va gen yon lòt Ayiti.

Viv Tèt Ansanm, Viv Lanmou, e Viv Ayiti! 

Comments are closed.