Peyi Almay ak peyi Etazini deside founi bay peyi Ikrèn yon latriye CHA Degè pou fè fas kare ak peyi Larisi.

964

Peyi Almay ak Peyi Etazini deside founi bay peyi Ikrèn yon latriye CHA Degè pou fè fas kare ak peyi Larisi.

Anviwon 45 Chadegè rive jwenn peyi Ikrèn jounen mèkredi 24 janvye 2022 a, se jefò 2 peyi Loksidan pou goumen ak Larisi, peyi Vladimir Poutine nan.

01-25-23

Almay, Lond_(TRiboLAND) Nan objektif pou kanpe goumen kont peyi Vladimir Poutine nan, gouvènman alman an bò kote pal voye 14 Cha leyopa 2 bay peyi Ikrèn, yon fason pou kare batay la.

Paralèlman, gouvènman Etazini an, anonse jounen mèkredi 25 janvye 2023 a, ke yap founi Ikrèn 31 Cha batayè kap koute anviwon 400 milyon dola, sa ki bay yon total 45 Cha, epi swete divès lòt peyi nan Loksidan mache nan lojik la tou.

Peyi Larisi nan sans sa a, estomake kont yon parèy desizyon 2 peyi sila yo; otorite Larisi yo fè konnen, desizyon Almay pran an, se yon desizyon kap genyen gwo tonton konsekans dèyè’l.

Comments are closed.