Zòn Vivy Mitchell enfekte ak gang: lapolis mete kontròl sou teworis anvayisè yo

1,314

03-30-2023

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Nan enfòmasyon ke li pibliye aprèmidi jedi 30 mas 2023 a, Polis Nasyonal la deplwaye yon kontenjan polisye nan lokalite Les Palmes, nan Vivy Mitchell, aprè ke yo te aprann gang sangwen ou bandi ame te anvayi e ap teworize popilasyon an nan kanton an.

Sou paj Facebook li, PNH la reyitere volonte li pou li kontinye lage chalbarik dèyè bandi yo kèlkeswa kote ke yo ap opere. Konsa, fòs lòd yo pat pran tan pou te genyen kontròl sitiyasyon an nan Vivy Mitchell e fasilite lib aksè sikilasyon aprè ke bandi sangwen yo ted rese barikad ki te anpeche fòs lòd yo entèveni.

Konsa, nòt PNH la, kontinye ankouraje popilasyon an kolabore ak lapolis yon fason pou yo flite ou byen muskade malfwachyen yo kap simen laterè nan divès kwen atravè kapital la.

Comments are closed.