Lil Solomon yo etabli diplomatik relasyon avèk Lachenn

0 283

Bejenn__(TRiboLAND) Kèk jou apwè ke nasyon Lil Pasifik la divòse li ak Tawann, Lil Solomon yo ak Lachenn etabli relasyon diplomatic jodi Samdi 21 Septanm 2019 la. Sa pa gen plis pase yon semen depwi ke bwi tap kouri ke Lil Solomon yo ansanm ak peyi Dayiti tap resevwa je dou bò kote otorite Lachenn yo yon fason pou yo divòse ak Tawann.

Antouka, Lil Solomon yo pwan devan Ayiti, malgre peyi Etazini tap dekouraje nan yon aparèy desizyon. Responsab yo nan peyi Lil Solomon yo deklare ke desizyon pou mache ak Lachenn nan baze sou yon seri “bezwen nasyonal”, konsa yo oblije abandone Tawann.

Nasyon Pasifik la ki fè apepwè yon semen ap revise tout regilasyon li anvè Lachenn ki apwè ofwi li yon pakè finansye ki estime a $8.5 milyon pou ranplase fon devlopman Tawann yo. Sekretè Defans peyi Etazini, Patrick Shanahan kritike seryezman Lachenn kòm kwa li pa gen respè pou souverènnte lòt peyi.

Kontrèman bò kote responsab Lachenn yo kap sable chanpay e swete bonvini a Lil Solomon yo dapwè Minis Afè Lòt bò Dlo peyi Lachenn nan, Wang Yi ki tap bay akolad ak youn nan repwezantan Lil Solomon yo, Jeremiah Manele ki tap patisipe nan yon seremoni nan Bejenn. “Nou plis ke pare, pou nou al travay avèk Lil Solomon yo yon fason pou nou kapab elaji yon aveni pou relasyon bilateral nou yo”, se deklarasyon Hua Chunying, pòtpawòl otorite Lachenn yo.

Nap raple peyi Lil Solomon yo kite Tawann koulya avèk yon rekonesans 16 peyi sèlman

Leave A Reply