Senegal: Prezidan Macky Sall plante senkyèm pye bwa li nan palè prezidansyèl la

388

09\05\2020

Daka_____(TRiboLAND) Chèf Deta peyi Senegal la, Macky Sall vle fè prèv de lidè responsab lòske li deside pou yon 5 èm fwa plante yon pye bwa nan lakou Palè repiblik la vandredi 4 septanm 2020 an.

Prezidan Sall pa sispan preche egzanp chak fwa li yon kesyon pou valorize ou prezève anviwònman an. Sa fè yon senkyèm pye bwa chèf Deta a arive plante depi li moute sou pouvwa a nan lane 2012. Pye bwa sa ki se yon “sapoti”, yon espès tropikal ki ranfòse bote ak richès jaden prezidansyèl la.

Konsa, Sall kap preche ak egzanp, mande tout senegalè ou sitwayen angaje pou yo entansifye kanpay rebwazman yo yon fason pou fè peyi Senegal yon “peyi vèt”.

Nap raple, anpil peyi konsakre chak ane plizyè jou espesyàl pou chak sitwayen patisipe nan aktivite plante pye bwa; pami yo ou jwen Etyopi, Senegal, Jamaik pou nou site sa yo sèlman.

Comments are closed.