Fidèl legliz katolik Valyè yo fete 250 lane pawas sen Vensan

978

01-23-2023

Valyè, Ayiti___(TRiboLAND) Valyè fete 250 lane egzistans li kòm pawas Sen Vensan, yon fèt patronal ki arive fete nan yon kontèks ki reyèlman deferan ke tout lòt ane yo.

Yon seremoni ki fèt jounen lendi 23 janvye a, an prezans Majistra prensipal la, Castel Latortue, Majistra komin Monben an, Senatè moyiz Jean Charles ak divès lòt otorite ki soti nan divès kwen nan depatman an, san konte 42 pè ki te prezan.

Monseyè Kenel Alphonse ki tap selebre lamès la, nan omeli sikonstans lan, li te envite fidèl yo pou yo mete tèt ansanm pou kominote a kapab avanse. “Viv ansanm se pi gwo prèv ki fè moun sanble ak Bondye”. “Viv ansanm vle di, eksplwate tout sa ki bon ki lakay lòt la! Men nou kite endiferans lan fè nou divize, nou kwè nou siperyè parapò ak lòt la”, daprè Monseyè Alphonse ki tap depoze.

Nan okazyon yon parèy fèt, Komite 250 tyèm nan kire pawas la ki se Lumanes Pierre, voye yon chay remèsiman bay tout moun ki te kontribye nan òganize evenman an, patikilyèman DG BMPAD la, Ignace St Fleur, Sénateur Moïse Jean Charles, Jacques Philomé Félix, John Étienne pou n site sila yo sèlman.

Nap soulinye, selebwasyon anyèl yon parèy fèt, toujou reyalize chak 22 janvye; daprè kèk manm nan komite 250 tyèm nan, mès la fèt jounen lendi 23 janvye 2023, se pou te jwen li tonbe jou pou jou dat pou dat 250 lane egzistans pawas Sen Vensan .

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.