Manm gang Kanaan, “Bwa Zizi” jwen arestasyon li jodia nan Gro Mòn

763

01-23-2023

Direksyon Depatmantal Polis la nan Latibonit, konfime arestasyon Pierre Wismaël, alias “Bwa zizi” jodi lendi 23 janvye 2023 a, nan Gro Mòn, depatman Latibonit.

Daprè responsab fòs lòd yo, Bwa Zizi soti nan zantray group gang Kanaan. Li jwen arestasyon li nan moman li tap trese lèl pou jwen moso swenyaj medikal nan lopital Alma mater ki nan komin Gromòn.

Nap raple, Bwa Zizi se youn pami yon latriye bandi gang ki lapopo arete nan dènye jou sa yo, daprè Direksyon Depatmantal Polis la nan Latibonit.

Comments are closed.