Ejip: 4 prizonye ak 3 polisye mouri nan yon tantativ evazyon

279

09\25\20

Kè____(TRiboLAND) Minis enteryè peyi Ejip la anonse lanmò 3 polisye ak kat prizonye nan yon tantativ evazyon nan yon prizon nan kapital la, Kè.

Tantativ evazyon an ki fèt nan prizon Tora nan kapital la, okazyone yè mèkredi 23 septanm nan 4 detni ki te kondane pou zak teworis jwen lanmò yo e antere yè jedi 24 septanm 2020 an, daprè ministè enteryè peyi fararon an.

Depi 2013 soulèvman islamik pa sispan taye banda nan Nòdès penensil Sinai a san konte lòt group lokal ki mare sosis yo ak Eta Islamik (EI). Konsa, fòs sekirite ejipsyèn yo ap batay avèk yo depi plis pase 7 lane.

Depi fevriye 2018 avèk yon seri operasyon gran panpan ki mennen kont militan islamik yo, lakoz kèlke 930 prezime tèworis mouri san konte yon dizèn manm pèsonèl sekirite nan lame ejipsyèn nan daprè statistik.

Comments are closed.